Privacy Policy

   



Our Professional Staff
Our Services
Office Hours & Locations
Insurance We Accept
Our Hospital Affiliations
 
 
  PEDIATRIC ASSOCIATES - HIPAA PRIVACY NOTICE
 

Nòt sou Règleman Pou Vi Prive Malad Yo De  Asosyasyon Pedyat La

NÒT SA AP EKSPLIKE OU KIJAN OU KAPAB SÈVI AK ENFÒMASYON MEDIKAL KI KONSÈNE OU, KIJAN OU KAPAB PATAJE YO AK LÒT MOUN EPI KIJAN OU KAPAB  JWENN ENFÒMASYON SILA YO. TANPRI SOUPLE, LI LI AVÈK ATANSYON.

JAN OU KA ITILIZE EPI PATAJE ENFÒMASYON SOU LASANTE

Asosyasyon pedyat yo gen posibilite pou sèvi ak enfòmasyon sou sante w, sa vle di enfòmasyon ki gen pou wè ak pwoteksyon lasante jan sa defini nan Règleman Prive Administrasyon  Kouvèti Asirans ki gen rapò ak Konvansyon 1996 la sou responsabilite Asirans sante. Yon fason pou nou kapab jwenn finansman pou tretman epi jwenn myayen pou mennen aktivite ki gen rapò ak  laswenyaj.  Asosyasyon pedyat yo te chita ansanm pou tabli yon politik pou pwoteje ou kont move deklarasyon konsènan enfomasyon sou sante ou.  Nou mete adispozityon ou yon moun  w’ap jwenn non li anba nòt sila a.

MEN YON REZIME KAP DI OU NAN KI SIKONSTANS, NAN KI OKAZYON NOU KAPAB SEVI AK ENFOMASYON SOU LASANTE OU :

Pou ba ou swen

Nou ka sèvi ak enfòmasyon sou sante w epi pataje enfòmasyon sa yo ak moun ki kapab ede ou.  Pa egzanp, yon doktè kap travay sou dosye ou ap bezwen enfòmasyon sou sentom ou konn genyen pou yo ka preskri ou medikaman kap bon pou ou.  Sa ka rive nou pataje enfòmasyon sou sante ou ak moun ki gen rapò ak swen wap resevwa. Pa egzanp, manb fanmi ou, famasyen, founisè ekipman medikal oubyen lòt pwofesyonèl ki travay nan domèn sante.

Pou jwenn peyeman

Sa ka rive  nou mete enfòmasyon sou sante w nan fakti. Sa ka pèmèt nou jwenn lajan nan men lòt moun pou tretman ou te resevwa.  Pa egzanp, asosyasyon pedyat la gen dwa bay enfòmasyon sou malad kap resevwa swen an pou asirans malad la,  pou li kapab ranbouse nou kòb la.  Nou ka bezwen genyen yon otorizasyon davans nan men asirans lan.  Pou sa, fòk nou esplike konpayi sa a nesesite pou ou  jwenn lasante epi ki kalite sèvis wap resevwa.

Enfòmasyon sou jan pou nou bay laswenyay

Doktè yo ka sèvi e mete enfòmasyon sou sante w deyò pou li kapab rann travay doktè yo pi fasile pou yo ka bay pi bon swen bay malad yo.  Nan operasyon pou bay swen, gen aktivite sa yo :       

 -         Aktivite kap penmèt nou fè efò epi amelyore sèvis la

        -       Aktivite pou amelyore oubyen bese  pri laswenyay

-          Developman pwotokòl, jesyon dosye ak kòdinasyon swen yo

-          Kontakte doktè ak malad pou enfòmasyon sou jan yo ka bay tretman e menm lòt fonksyon ki konsève tretman.

-          Ekzamen pou teste pèfòmans ak rannman pwofesyonèl

-          Pwogram pou fòme élèv, estajyè sou kontwòl yon pwofesè

-          Fòmasyon moun ki pa pwofesyonèl nan zafè swen lasante

-          Jan nap otorize, sètifye, bay aktivite yo lisans

-          Revizyon, odit ki mache ak revizyon konfòm, revizyon medikal, bon sèvis ak yon pwogram nòmal

-          Planifikasyon ak developman ki gen ladan kantite lajan fonksyonman koute ak fòmil devlopman planifikasyon

-          Fonksyonman biznis ak aktivite general manm asosyasyon pedyat yo

-          Oganize aktivite pou ranmase lajan pou fonksyònman asosyasyon pedyat yo epi mennen lòt aktivite maketing.

Pa egzamp, manb asosyasyon pedyat yo  ka sèvi ak enfòmasyon sou sante w pou teste pèfòmans ekip la, mete ansanm enfòmasyon pa ou ak enfòmasyon sou lòt moun pou nou ka eseye jwenn yon jan pou nou bay malad yo yon pi bon sèvis, bay ekip la oubyen moun otorize enfòmasyon sou sante ou, pou yo ka bay bonjan enfòmasyon. Sa ka penmèt yo rele ou pou yon lòt randevou, oubyen kontakte ou oswa yon manb fanmi ou pou patisipe nan aktivite ki gen rapò ak fon pou ranmase lajan. Konsa, nap sèvi ak adrès ou kòm referans (sòfsi ou pa ta dakò).

Pou aktivite kap rapòte lajan. Nou kapab sèvi ak non ou, adrès ou, telefòn ou ak dat konsiltasyon pou nou ka kontakte ou oubyen yon manb fanmi ou pou sanble kòb pou asosyasyon pedyat yo. Si ou pa vle yo kontakte ou oubyen yon manb fanmi ou, fòk ou di  klè ou pa vle yo kontakte ou (gade plis sou bagay sa anba)

Pou let kap fe ou sonje randevou. Nou  ka itilize oubyen pataje enfòmasyon sou sante ou kap penmèt nou kontakte ou pou nou fè ou sonje ou gen randevou pou tretman oubyen swen medikal avèk nou.

Lòt fason nou ka bay tretman

Nou ka itilize oubyen pataje enfòmasyon sou sante ou pou fè ou konnen tout posiblite tretman ki ka enterese ou.

Lè lalwa mande sa. Nap gen pou pibliye enfòmasyon sou eta sante ou, lè lalwa federal oubyen lalwa eta oswa kote ou ap viv la mande sa.

Lè sante tout moun menase. Nou ka pibliye enfòmasyon sou eta sante ou nan kad aktivite sa yo ak pou rezon sa yo:

-               Pou anpeche oubyen kontwole maladi, blesi oubyen andikap, enfòme sou maladi, gwo evènman tankou nesans ak lanmò, epi travay pou kontwole sante tout moun, fè rechèch ak entèvansyon.

-               Pou enfòme sou gwo evènman, pwodui ki manke, chache pwodui oubyen ranplase pwodui ki pa bon,epi pou kontwole si pwodui ki sou mache a konfòm ak egzijans Food and Drug Administration yo.

-               Pou sinyale tout moun ki fin pase anba yon maladi atrapan oubyen ki ka reprezante yon menas pou gaye yon maladi konsa.

-               Enfòmasyon sa yo ka al jwenn yon patwon konsènan yon anplwaye k ap travay nan antrepriz li selon sa lalwa mande.

Pou bay enfòmasyon sou ka abi, neglijans oubyen vyolans yon moun ka sibi lakay li. Nou otorize fè otorite gouvènman yo konnen si nou kwè yon pasyan nou victim abi, neglijans oubyen neglijans lakay li. N ap pibliye enfòmasyon sa a si gen demann espesyal ki fèt nan sans sa a oubyen si pasyan an dakò pou sa fèt.

Pou mennen aktivite ki an rapò ak lasante anjeneral. Nou ka pibliye enfòmasyon sou sante ou bay yon ajans ki kontwole lasante anjeneral pou aktivite ki kouvri domèn sa yo: odit, envestigasyon sivil, envestigasyon administrative oubyen envestigasyon kriminèl, enspeksyon, revokasyon oubyen lòt mezi disiplinè. Men nou ka pa pibliye enfòmasyon sou sante ou si gen yon ankèt k ap fèt sou ou, é si ankèt la pa ko abouti é si envestigasyon an pa gen rapò dirèk ak bilten medical ou oubyen kantite benefis ou fè.

Konsènan pwosedi jidisyè ak pwosedi administrative yo. Annakò ak sa lwa eta a mande, moun k ap bay swen sante a ka bay enfòmasyon sou sante ou nan kad nenpòt pwosedi jidisyè ou administrative an repons a demann yon tribinal otorize oswa yon demann yon pleyan, dekouvèt, plent oubyen lòt pwosedi legal, men sèlman lè moun k ap ofri swen sante a fè ase efò pou mete ou okouran plent la oubyen yon enfòmasyon ki ka sèvi pou pwoteje sante ou.

Pou fè respekte lwa yo. Jan lalwa eta a mande sa, nou ka pibliye enfòmasyon sou eta sante bay yon otorite ki responsab pou fè respekte lalwa pou kèk rezon, pami yo, si nan kèk ka, ou victim yon krim, oubyen nan lide pou fè rapò sou yon krim ki fèt.

Pou medsen ak moun k ap fè egzamen medical sou mò yo. Nou ka pibliye enfòmasyon sou sante ou bay medsen lejis ak moun k ap fè egzamen medikal yo nan lide pou chèche konnen kijan yon moun rive mouri ak pou lòt rezon ankò selon sa lalwa mande.

Pou responsab ponp finèb yo. Nou ka pibliye enfòmasyon sou sante ou bay responsab ponp finèb lalwa otorize fonksyone e, si nesesè, pou fè tout sa k ka pèmèt planifye antèman yo byen. É si sa nesesè tou, nou ka pibliye enfòmasyon sa yo anvan lanmò moun ki konsène a.

Pou bay ògàn, je akchè nan kò ou. Nou kapab itilize oubyen pibliye enfòmasyon sou sante ou bay òganizasyon k ap travay nan domèn vann ou fè kado ògàn, oswa bay lòt antite ki angaje nan vann, fè kado, estoke, oubyen transplante ògàn, je, oubyen chè nan kò ou  nan lide pou ede lòt moun benefisye pati sa yo.

Pou fè rechèch. Nou kapab nan kèk ka espesyal, sèvi av`k enfòmasyon sou sante ou pou n fè rechèch. Men n ap toujou chèche jwenn akò ou anvan nou pibliye enfòmasyon sou sante ou pou afè rechèch.

An ka menas grav pou sante oubyen sekirite moun. Nou kapab, selon lalwa e selon kòd detik yo, pibliye enfòmasyon sou sante ou si nan fon konsyans nou, nou kwè piblikasyon enfòmasyon sa a nesesè pou anpeche oubyen pou diminye yon gwo menas pou sante ak sekirite pa ou, oubyen sante ak sekirite tout moun an jeneral.

Pou kèk fonksyon espesyal nan gouvènman an. Nan kèk ka, lwa federal yo otorize nou sèvi oubyen pibliye enfòmasyon sou sante ou pou fasilite travay kèk branch espesyal nan gouvènman an ki gen rapò ak militè, ak veteran, sekirite nasyonal ak sèvis dentelijans, sèvis pwoteksyon prezidan an ak lòt ankò, rechèch medical, epi fè respekte lwa sou sitiyasyin prizonye yo.  

Pou konpansasyon travayè yo. Nou kapab voye enfòmasyon sou sante ou pou konpansasyon travayè oubyen lòt pwogram menm jan an.

OTORIZASYON POU ITILIZE OUBYEN POU PIBLIYE ENFOMASYON SOU SANTE

Pou tout ka ki pa mansyone nan sa k sot di la a, moun k ap bay swen sante a pa ka pibliye yon enfòmasyon sou sante si l pa jwenn yon otorizasyon ekri pou sa. Si ou menm, oswa reprezantan ou, otorize moun k ap bay swen an pibliye enfòmasyon sou sante ou, ou ap bezwen yon fòm F. Ou ka anile otorizasyon sa a pa ekri nenpòt lè ou vle.

DWA ENFOMASYON SOU SANTE OU

Men dwa Asosyasyon Pedyat  rekonèt enfòmasyon sou sante ou ba ou :

Dwa pou mande restriksyon. Ou ka mande pou restriksyon fèt sou itilizasyon ak piblikasyon enfòmasyon sou sante ou. Ou gen dwa mande pou Asosyasyon pedyat limite enfòmasyon la selman ba ou menm enfomasyon sou sante ou, pa oken lot moun nan fanmi ou bezwen okouran. Men nou pa oblije dakò ak demann ou fè a. Si ou ta renmen fè kèk restriksyon sou enfòmasyon sou sante ou, gade nan pati anba nèt la, epi mande yon fòmilè A.

Dwa pou resevwa enfòmasyon an prive. Ou gen dwa mande pou jou kominike avè ou nan fason ou vle. Tankou Ou gen dwa prefere pou pèsonn nan fanmi ou pa prezan lè nap bay enfòmasyon sou sante ou. Si ou ta renmen jwenn enfòmasyon sou sante ou an prive, gade nan pati anba nèt la, epi mande yon fòmilè A. Nou pap chèche konnen poukisa ou fè deman sa a, e nap toujou travay nan sans ou mande a.

Dwa pou Enspekte ak pou Kopye Enfòmasyon sou Sante ou. Ou gen dwa enspekte epi kopye enfòmasyon sou sante ou sanm ak tout bòdwo yo te ba ou yo. Pou enspekte epi kopye enfòmasyon sou sante ou, gade nan pati anba nèt la epi mande fòmilè B. Si se kopi enfòmasyon yo ou bezwen, Asosyasyon Pedyat yo gen dwa mande ou yon frè ki va penmèt li ba ou sa ou mande li a.

Dwa pou Pase men nan Enfòmasyon sou Sante ou.   Ou menm oubyen yon reprezantan ou gen dwa mande Asosyasyon Pedyat yo pase men nan enfòmasyon sou sante ou yo si ou panse enfòmasyon sa yo pa kòrèk oubyen pa sifi. Demach sa a posib toutotan enfòmasyon sa yo nan men nou toujou. Pou mande fè yon pase men nan enfòmasyon sa yo, gade nan pati anba nèt la, epi mande fòmilè C. Asosyasyon Pedyat yo gen dwa rejte demann nan si li pa fèt pa ekri e si demann pa presize poukisa pase men sa a dwe fèt. Yon lòt rezon ki ka fè nou rejte demann nan, se lè se pa nou menm ki te prepare enfòmasyon an, epi si enfòmasyon ou vle chanje a pa nan dosye nou. Anplis, si enfòmasyon ou vle chanje yo pa enfòmasyon ou menm oubyen moun ki reprezante ou la gen dwa oubyen  otorize enspekte oubyen kopye, oswa si nan lide Asosyasyon pedyat yo, dosye enfòmasyon sou sante ou yo kòrèk e yo konplè.

Dwa pou yon kontablite. Ou menm oubyen yon moun ki reprezante ou gen dwa mande konte tout enfòmasyon nou te pibliye yo pou kèk rezon ; piblikasyon sa yo, se kapab swa piblikasyon lalwa otorize, swa piblikasyon ki te fèt n kad rechèch. Pou mande konte piblikasyon enfòmasyon yo, gade nan pati anba nèt , epi mande yon fòmilè D. Demann nan ki dwe fèt pa ekri, dwe presize dat kontablite a kòmanse a apati 14 avril 2003. Demann kontablite pa ka fèt pou peryòd ki depase 6 zan. Nan yon peryòd 12 mwa, moun ki te ba ou swen an va remèt rapò kontablite a enfòmasyon ou yo san ou pa peye. Apre peryòd sa a, lap kalkile konbyen kòb ou dwe bay pou jwenn rapò konsa.    

Dwa pou jwenn yon kopi nòt sa a. Ou menm oubyen moun ki reprezante ou la  dwa resevwa yon kopi nòt sa a nenpòt kilè, menmsi nou te resevwa li deja. Pou jwen yon kopi nòt sa a, kontakte manm biwo devan an.    

RESPONSABLITE ASOSYASYON PEDYAT YO 

Lalwa oblije nou kenbe enfòmasyon sou sante ou yo sekrè, li oblije nou tou ba ou oubyen reprezantan ou Nòt sa a ki pale sou responsablite nou ak sou fason nou fonksyone. Ou oblije respekte sa ki nan Nòt sa a menm lè nou ka pote ti chanjman ladan li detanzantan. Se dwa pa nou pou nou pase men nan Nòt sa a, epi pou nou aplike nouvo chanjman yo pou tout enfòmasyon sou sante ou li rekonèt. Si nou fè yon pase men nan Nòt sa a, nap gen pou ba ou oubyen yon reprezantan ou yo kopi. Si ou menm oubyen reprezantan ou la santi yo vyole dwa ou, nou gen dwa pote plent nan Asosyasyon Pedyat yo oubyen nan Sekretarya pou Sèvis Sante ak Sèvis Moun. Tout plent bòkote Asosyasyon Pedyat yo dwe fèt pa ekri (gade pati ki anba a), epi mande yon fòmilè E pou sa. Pa ezite presize tout sa ki anrapò ak sa ou pa renmen sou fason enfòmasyon sou sante ou pibliye. Nou pap pran okenn mezi kont yon moun ki pote plent kont fason nou sèvi li.

MOUN POU KONTAKTE

Asosyasyon Pedyat yo gen yon anplwaye disponib pou resevwa plent malad sou karaktè prive enfòmasyon sou sante yo, ak dwa lalwa federal rekonèt nan sans sa a. Sivouplè, kontakte anplwaye sa a nan adrès sa a : Privacy Officer, Pediatric Associates, 4620 N. State Road 7, Bldg H., Suite 316, Lauderdale Lakes, Fl 3319.

DAT ANTRE ANVIGÈ  : Nòt sa a ap antre anvigè le 14 avril 2003


Top